18/05/2026
Patisipasyon lekòl nasyonal fondamental konplèt Ka-Eli (ENAFCCA) nan chanpyona Meri Tomazo a, se te youn nan siy ki pwouve kijan institisyon yo vle pou genyen tèt ansanm nan mitan popilasyon an, e pwouve angajman chak grenn direktè nasyonal kou piblik pou edikasyon chak grenn timoun ki nan lekòl yo, pèmèt yo jwenn bon jan edikasyon ak devlopman pèsonèl, Me.Waking Dujon ki se direktè Lekòl nasyonal la felisite Manb meri ak staf òganizatè yo ki te pran angajman pou òganize epi envite yo kòm lekòl pou patisipe nan chanpyona sila, e swete espri kreyativite sa a toujou rete pou blòk yo.
11/06/2023
Nan jou ki te jedi 08 pou rive 09 jen an lekòl nasyonal ka-eli a ki gen nan tèt li Me. Waking Dujon, òganize yon gro fòmasyon ki te baze sou dosimoloji ak pedagoji pou tout pwofesè li yo nan objektif pou yo fòme elèv yo pi byen.👉 https://www.facebook.com/100063982067580/posts/651879890288074/?mibextid=rS40aB7S9Ucbxw6v
11/06/2023
Formation sur la docimologie et pédagogie avec l'école nationale de Ca-Elie pour les professeurs de l'ENAC
21/05/2023
Se konsa elèv lekòl nasyonal ka eli te bèl nan dat ki te 18 me 2023 a
16/04/2022
Nou pral refèl ankò, 18 me 2022 Randevou a kase yon sèl kote lekòl nasyonal Ka-Eli, ( Route de Cornillon ) bois d'homme.
12/12/2021
Drapo m se fyète m 18 me nou pral refèl ankò, se Pou tèt Sa nap di tout otorite bay asistans nou ak Direktè Waking Dujon kòm responsab lekòl nasyonal ka -Eli a ki ap fè yon travay serye nan Komin kòniyon ( Gran Bwa), Pou fèt 18 me a ka bèl se nou tout ki Pou pote kole.
16/06/2021
Lekòl Nasyonal ka Eli moutre gran piblik la kisa fèt drapo reprezante Pou yo se Pou tèt sa yo te selebre fèt la nan dat kite 18 me 2021 an nan komine kòniyon, e nap pwofite okazyon an Pou nou felisite jounalis :Ernest Camile ki te aksepte kouvri parad Sa a pou nan gran jou Sa a, Ann swiv yon repòtaj ak jounalis la.
Lekòl Nasyonal Ka Eli Selebre Grandyozman Fèt Drapo a nan Komin Kòniyon.
Dradisyon Fèt Drapo a pa fini nan Komin Kòniyon Lekòl Nasyonal Ka Eli (ENAC) komemore 218tyèm an gran ponp.. .