07/04/2026
Gen opòtinite ki pase yon sèl fwa… e gen sa ki ka chanje lavi w nèt.
Nouvo sesyon sa a pa sèlman yon fòmasyon.
Se yon chanjman direksyon pou moun ki vle aprann yon metye reyèl, devlope kapasite yo, epi kòmanse fè lajan ak konpetans yo — menm depi lakay yo.
Ou pa bezwen eksperyans.
Ou pa bezwen ekipman chè.
Sa ou bezwen sèlman se desizyon pou avanse.
Nan sesyon sa a, ou pral aprann etap pa etap ansanm ak pwofesyonèl ki la pou akonpaye w, ede w konprann, epi pouse w rive pi lwen pase sa ou te panse posib.
📌 Chak jou ou tann, se yon lòt opòtinite ki pase.
📌 Chak konpetans ou aprann jodi a, se yon pòt ki louvri pou demen.
Nouvo sesyon an ap kòmanse 30 Avril 2026.
Plas yo limite pou garanti bon swivi pou chak patisipan.
👉 Pa kite fwa sa pase san ou pa pran chans ou.
Envesti nan tèt ou. Avni w ap remèsye w.
📞 Kontakte nou kounye a pou rezève plas ou.
04/04/2026
Yonn nan metye ki enpòtan anpil nan moman an se Grafik dizay.
Ou gen laptop, e ou te anvi aprann grafik dizay sa fè lontan, men ou pat jwenn chans lan, euh benh moman pa w la rive !
Ou anvi gen yon biznis, ou anvi travay pou moun ki ap fè biznis, ou anvi vin yon dizaynè pro " GRAPHISTE PRO MAX " Se fomasyon pa w la.
Nap pran depi levèl zero pou nou mete w chita pami pro yo, si w enterese e si w Okap tou wap ka patisipe menm si w pa Okap paske fomasyon sa ap fèt anliy tou.
Ou pap bezwen konnen anyen, depi w gen laptop ou ka patisipe, se nou kap moutre tout bagay e se nou kap ba w aplikasyon Photoshop 2025 lan.
OU PARE POU VIN DIZAYNÈ ?
PRIVE M POU NOU PALE PLIS SOU SA.
01/03/2026
🚨 NOUVELLE SESSION 23 MARS 2026 – PLAS YO LIMITE!🚨
💥 Ou vle gen yon metye ki ka rapòte w lajan menm ak telefòn ou?
💥 Ou bouke depann de moun?
💥 Ou vle kòmanse fè kòb sou entènèt?
👉 MEN OPÒTINITE PA W LA RIVE!
📅 Kòmansman : 23 Mas 2026
📍 Fòmasyon 100% pratik
📱 Ou bezwen sèlman yon telefòn
🔥 METYE OU KA CHWAZI :
🎨 Graphic Design Phone
🖌 Création Logo Phone
💳 Création Carte de Débit
📸 Retouche Photos Phone
🎬 Montage Vidéo Phone
💰 SMM CASH SYSTEM
(Aprann vann Followers, Views, Watchtime YouTube, elatriye…)
⚠️ Moun ki gen konpetans ap toujou fè lajan.
Kesyon an se: Eske w pare pou pran desizyon an?
👇 Ekri nan kòmantè a fòmasyon ou vle a kounye a.
📩 Oswa voye mesaj pou rezève plas ou.
🔥 Pa tann demen pou sa w ka kòmanse jodi a.
Mwa Mas la se mwa chanjman w lan!
25/02/2026
Ki Opsyon ou ta renmen pran nan sesyon mars lan ?
AP GEN :
👉GRAPHIC DESIGN PHONE
👉CREATION LOGOS PHONE
👉CREATION CARTE DE DEBIT
👉RETOUCHE PHOTOS PHONE
👉MONTAGE VIDEO PHONE
👉SMM CASH SYSTEM (FASON POU VANN FOLLOWERS,VIEWS,WATCHTIME YOUTUBE ETC…)
METE FOMASYON OU TA RENMEN APRANN LAN NAN KOMANTÈ A.
17/02/2026
Anvan, mwen te konn fè logo mwen yo ak PixelLab.
Franchman, nan epòk sa a, mwen te panse sa te sifi.
Apre sa, mwen dekouvri Vector Ink.
E la… mwen te pran anpil tan pou m adapte 😅
Pa t gen anpil tutoryèl.
Prèske tout bagay an anglè.
Pa t gen okenn vrè fòmasyon.
Men mwen te kontinye.
Paske mwen te santi se te bon chemen an.
Jodi a, mwen wè bagay yo yon lòt jan.
Lè mwen wè yon logo ki fèt ak PixelLab, mwen remake limit li byen vit.
Se pa pou meprize, non.
Men paske kreyativite a rete bloke.
PixelLab travay ak piksèl, menm jan ak Photoshop.
Alòske yon logo dwe vektoryèl.
Avèk Vector Ink, ou travay an vektoryèl.
👉 Ou ka zoom, kalite a pa janm diminye.
👉 Logo a rete pwòp, kèlkeswa kote ou itilize l.
Anplis, Vector Ink gen zouti avanse pou kreye logo ak ilistrasyon, kontrèman ak PixelLab.
PixelLab trè bon pou afich ak vizyèl pou rezo sosyal.
Men pou yon logo serye… se pa zouti ki fèt pou sa.
Nouvèl sesyon 23 fevriye rezève plas ou kounya menm pou fomasyon logo a !
14/02/2026
Résultat du concours d'affiche sur l'anniversaire de CGMO School
Nouvelle session 23 Fevrier 2026 !!!
13/02/2026
Yonn nan meyè fason pou asire lajan nan pòch ou, se lè w envesti tan w ak lajan w pou aprann yon metye.
Nouvèl sesyon CGMO SCHOOL la ap komanse 23 fevriye 2026, se yon fomasyon ki ka chaje vi w !
Gras ak fèt CGMO SCHOOL la nou deside bay 10 moun rabè 25 % sou chak fomasyon nou.
Kijan wap ka fè pami 10 moun sa yo ?
Ou prale sou Facebook anba flayers la wap like, wap pataj epi wap ekri yon mesaj pou di ki fomasyon ou ta vle aprann e poukisa ou ta vle aprann fomasyon sa, tout moun ka ekri mesaj pa yo men 10 moun ki pi konvenk nou yo nap wè mwen kite nimero m anba mesaj ou a pou ekri m sou WhatsApp.
SE MOMAN PA W !!!
DEGAJE W BRIYE !!!
12/02/2026
Il y a 3 ans naissait une vision : former, élever et transformer des vies.
Aujourd’hui, CGMO SCHOOL représente bien plus qu’une école.
C’est un tremplin vers l’avenir, un espace d’opportunités, un lieu où les talents prennent confiance et deviennent des professionnels.
Merci à nos formateurs pour leur engagement exceptionnel.
Merci à nos étudiants pour leur confiance et leur détermination.
3 ans d’impact.
3 ans d’excellence.
3 ans de croissance.
🎉 Joyeux 3ᵉ anniversaire à CGMO SCHOOL ! 🎉