05/05/2026
Ecole de musique Othello Bayard
Pour votre formation musicale referez vous à l'Ecole de Musique Othello Bayard, Cayes, Haïti. 2003-2018, déjà 15 ans.
05/05/2026
Kouri ekri sou watsap: +509 41 55 1491 ak +509 38 01 5872 pou ka gen kèk enfòmasyon sou enskripsyon yo nan lekòl mizik Othello Bayard.
04/05/2026
04/05/2026
Anviwon 25 ane nan vil Okay, lekòl mizik Othello Bayard pare pou vire vwal li. Direksyon an ap pare pou bay yon fòmasyon ki ka kreye pwofesyonèl nan mizik. Nan fen etid sa a, tout etidyan ki rete pase kantite ane kou a ap dire a ak kantite fòmasyon li dwe pran ak gen yon diplòm epi l ap ka anseye syans mizik, ekri patisyon, fè aranjman, jwe yon enstriman van, kòd , klavye, pèkisyon elatriye... Direksyon lekòl mizik Othello Bayard di antrènman an fini, chanpyona a pral kòmanse. Tout ansyen etidyan ki enterese ka kontakte direksyon lekòl la pou konnen kouman yo ka konplete fòmasyon yo pou yo pa rete deyò. Gen lide k ap brase pou wè kouman kèk kou ka fèt anliy yon fason pou pwofesè ki gen difikilte pou deplase ka fè kou pa yo.
Mwen di madanm mwen, pitit mwen yo mèsi paske yo sipòte m ak pwojè sa a.
Yon gwo mèsi pou: Madam Nadia Menelas, BRH, FONDASYON GASKOV CLERGÉ ak tout lòt moun, nan fason pa yo ki toujou montre m yo avè m.
Lekòl la nan Brefèt, ansyen lokal MINUSTAH ( ka Nadia).
KONTAK WATSAP :+509 41 55 1491 / +509 38 01 5872
ATANSYON !!! Pa fè apèl vokal epi ekri sèlman lajounen nan lè biwo paske se telefòn prive.
MÈSI ! MÈSI ! MÈSI !!!
Lekòl Mizik Othello Bayard vle resevwa yon gwoup etidyan nan enstriman VAN nan mwa janvye k ap vini la a. Oumenm ki vle fè pati nouvo gwoup etidyan sa dwe kontakte biwo lekòl la prese prese depi lè ou fin li anons sa a. Nimewo pou kontakte se: +509 38015872.
28/10/2025
Si nan vil Okay gen pwofesè ki ka anseye enstriman van, dirije yon fanfa klasik, direksyon lekòl Mizik Othello Bayard ta renmen pran kontak ak ou. Ekri Lubien Macome sou messenger epi n ap pale sou sa nou vle pale a.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Type
Contacter l'école
Téléphone
Site Web
Adresse
Les Cayes
HT8110