Si w fè $30 pa lè, yon machin $30,000 ka koute w plis pase 1,100 èdtan travay.
Whollysavvy
Nou ouvri je moun sou finans pou ede w evite erè ki ka koute w chè demen. Misyon nou se edike, enfòme, epi ba w zouti pou pran pi bon desizyon finansye.
Enfimyè Massachusetts,NJ,NY,
Connecticut,Rhode Island,New Hampshire,Maine,èske nou pare pou evenman 18 jiyè a?Tape “Pare
Dèt vòlè libète w ak tan w.
Chak dèt ki pa nesesè se plis tan w ap oblije vann pou peye l.
Kenbe dèt ou kout. Pwoteje tan w.
📢 Boston, èske nou pare?
WhollySavvy ap envite tout enfimyè etranje yo ak moun kap prepare pou antre nan sistèm swen sante ameriken an nan NCLEX & Beyond, yon evènman espesyal kap fèt nan prestijye lopital Dana-Farber Cancer Institute nan Boston!
🎯 Nou pa pral pale sèlman de NCLEX. Nou pral montre w kijan pou w reyisi apre ou fin pase egzamen an.
✅ Kijan pou jwenn travay kòm RN Ozetazini
✅ Estrateji pou reyisi nan entèvyou yo
✅ Onboarding ak adaptasyon nan lopital ameriken yo
✅ Benefis anplwayè yo souvan pa eksplike w
✅ W-4 ak baz taks Ozetazini
✅ Kont retrèt ak avantaj fiskal yo
✅ Asirans sante ak lavi
✅ Finans pèsonèl pou enfimyè yo
✅ Mock interviews ak sesyon kestyon-repons
✅ Konsèy pou w pa sèlman siviv, men pou w reyisi nan karyè w
Sa se yon opòtinite inik pou aprann, fè rezo, epi jwenn enfòmasyon ki ka chanje avni pwofesyonèl ou.
📍 Boston, MA
📍 Dana-Farber Cancer Institute
🎟️ Plas yo limite
Pa tann dènye minit la! Vin prepare tèt ou pou pwochen etap karyè w.
Stephanie Jean Pierre Desilien Magda Louis-Juste Literally Everyone
Peye tèt ou anvan tout lòt moun.
Savings se premye bill ou, pa dènye a.
Ou gen asirans? Sa pa vle di tout bagay gratis!
Anpil moun sezi lè yo resevwa yon bill medikal menm apre asirans peye. Sa rive paske gen bagay tankou deductible, copay, coinsurance, ak maximum out-of-pocket ki ka fè w toujou responsab yon pati nan depans yo.
Nan videyo sa a, m ap eksplike yo an tèm senp pou w konprann kijan plan asirans ou vrèman mache epi evite move sipriz sou bill medikal yo.
Stephanie Jean Pierre Desilien Magda Louis-Juste Literally Everyone
Mwen pa swete ou gen yon ijans. Men mwen swete ou prepare si youn rive.
Vin pale de finans
Click here to claim your Sponsored Listing.