Bak Lakay

Bak Lakay

Partager

BAK Lakay:
Se yon espas pou prezante tout opòtinite tout sa ki bon ki bèl an Ayiti ak tout avantaj moun ka jwen nan envesti lakay.

Se tou yon ekspresyon pou swete tout ayisyen nan dyaspora a ki ta vle patisipe nan chanje peyi a "Welcome Back Lakay"

Photos from Collège Catts Pressoir's post 09/02/2026
03/02/2026
31/01/2026

BAK Lakay ap onore eritaj Dessalines. Se pa sèlman yon vizit, se yon pwomès pou respekte memwa zansèt nou yo!

Photos from Bak Lakay's post 27/01/2026

Pati politik Bon Ayisyen pou Konstwi Lakay (BAK Lakay) te fè premye KONGRÈ NASYONAL li nan Nò peyi a, soti 10 pou rive 13 janvye 2026 ! Yon moman istorik plen enèji, emosyon ak angajman pou rebati lakay nou. Men yon ti rezime chak jou pou w wè bèl bagay ki pase :

Jou 0 – Samdi 10 janvye
Plizyè dizèn delege ak manb soti toupatou nan peyi a te reyini nan Okap.
• Enstalasyon & lojistik
• Vizit Bwa Kayiman (kote revolisyon an te kòmanse )
• Rankont preparatwa nan aswèJou 1 – Dimanch 11 janvye
• Maten : Manb ki pa Okap te ale legliz pou adore selon kwayans yo
• Midi : Resepsyon delege ki t ap debake
• 3 PM : Lansman ofisyèl Kongrè a nan zòn Kòmye (Granrivyè dinò), kote Papa Nasyon an, Jan Jak Desalin, te fèt !
• Aswè : Rankont estratejik pou fè bilan + ranfòse komite direktwa pati aJou 2 –

Lendi 12 janvye – Palè San Sousi, Milot
Gran rasanbleman ak plizyè santèn manb, senpatizan ak popilasyon lokal !
• Kòmansman ak im nasyonal chante an kreyòl
• Omaj bay zansèt yo + komemorasyon 16yèm ane tranbleman tè 2010
• Mesaj vibran Sekretè Jeneral la, Sikològ Guesly Michel, ak prezantasyon pati a pa Doktè Milord
• Deba ouvè : jèn ak granmoun te pale kè kontan
• Angajman piblik devan Bondye, zansèt ak nasyon an… epi yon lapli benediksyon tonbe pandan 5 minit !
Anpil moun te santi yon gwo enèji pozitif.

Jou final – Madi 13 janvye
Dezenstalasyon ak retou lakay. Depatman Nò ak Nòdès te gen plis reprezantan, men tout 10 depatman te prezan !

BAK Lakay ap kontinye bati yon Ayiti pi bon pou tout bon Ayisyen. Mèsi pou tout moun ki te patisipe ak sipòte !

Ki sa w panse de moman sa yo ? Ou te la ? Di nou nan kòmantè yo !

26/01/2026

Angajman sosyal pa sifi, nou bezwen angajman politik la pou kreye yon enpak pwofon.

02/01/2026

L'ISPAN souhaite une bonne fête de l'Indépendance à toutes et à tous !

02/01/2026
Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Delmas ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Téléphone

Adresse


Route De Milot
Delmas
HTTP116