Gilet ENELUS, nan okazyon anivèsè , 01 fevriye 2026
CANSA 1.5
Une entreprise qui offre ses services dans l'appresatissage de la NATATION et de SAUVETAGE aquatique au grand public. "Nager plus loin, Sauver plus fond"
Marie Widmie JOSEPH,
Pèsonèl nan dat anivèsè Klèb la : 01 fevriye 2026
01/01/2026
Se nou ki dwe chanje
Pou chanje 🥳🎉🔥
04/11/2025
Ici CANSA et l'on nage 🏊🏊🏊
18/06/2025
Séance de natation animée par CANSA pour le Club des Stars / CEDUC au profit des Miss des Petites cette année.
"La terre est notre limite"
11/06/2025
Espesyal sila rabese pri nòmal Klèb la ki te deja pat chè.
Aprann naje ta dwe yon obligasyon. Edikasyon an pa mete l nan nivo men oumenm, gade l kòm yon nesesite pou tèt ou ak anviwònman w.
Paske menmsi w poko wè, l ap sove w kanmenm kòm valè ajoute.
Nou se e se n ap 🏊🏾♂️🏊🏽♀️
14/04/2025
Se misyon nou nan kominote a, pou ede plis moun posib gen kapasite pou rive metrize dlo a atravè ansanm teknik naj yo.
Paske nou estime ke sa ap itil ou, nou jis mete li disponib pou ou yon fason pou w vin aprann ABC nan domèn natasyon an.
Nou toujou di nou se CANSA 1.5 e se naje n ap naje, ebyen nou fè plis ke naje paske n ede w sove tèt ou ak anviwònman w ap viv ladann nan.
Menmsi w pa anvi naje pou tèt ou, malgre ansanm byenfè ke sa reprezan oubyen genyen sou kò fizik ou, nou envite w vin naje pou anviwònman ou.
Samdi 19 avril 2025
CANSA nan Merabel, sou Wout Dabòn nan Leyogàn
Se a 10h nan maten
Pa gen ankenn lòt pi bon aktivite nan lè sa.
18/02/2025
Kèk jou w ap di n vakans lan pa ka long konsa !
Nou konprann soufrans lan, nou konpati ak lapenn ke w santi w pa an sekirite pou kont ou nan dlo a.
Finalman, nou konnen w pat kapab tann ankò.
Nou di w men nou. Men nou pou n avanse ansanm.
Randevou an kase pou samdi 1 mas k ap vini la pou relans lan e k ap kenbe kou regilye yo pou chak samdi 10h nan maten nan menm adrès la.
Kisa w ap tann pou w vin enskri ?
Se te yon 1 fevriye konsa, nou te lanse aktivite nou yo nan pisin nan an 2019.
Nou fè anpil wout deja ki poko janm ase malgre sa.
Ane sa ankò, nou swete etann aktivite nou yo pou fasilite kominote a genyen plis najè disponib.
Bon jan fèt ak tout CANSISTE yo, ki kontinye kwè nan nou e gras ak yo lòt moun kapab konprann enpòtans travay ki fèt deja yo ak tout enpòtans natasyon an.
🎉🎊🥳🍾💖🍕🎂🌹😻🤩💕😍🥳🤩😍🥰🎈💕🥰💞💖
Nan CANSA 1.5 se Naje n ap Naje 🏊🏊🏊🏊🏊
28/01/2025
Aprè analiz demand kèk enterese e ki abitye patisipe nan aktivite CANSA yo, nou lanse seyans espesyal natasyon sa a k ap reyalize pou anivèsè klèb la jounen samdi 1 fevriye 2025 k ap vini la nan pisin Merabel Plaza sou wout Darbonne nan, Leyogàn.
Pou ansanm enfòmasyon e pou w kenbe kontak ak nou se :
+509 33 75 9944
Paske nou se Naje n ap Naje
26/08/2024
La natation, c'est-à-dire l'action de nager, désigne les méthodes qui permettent aux êtres humains de se mouvoir dans l'eau sans aucune autre force propulsive que leur propre énergie corporelle.
Parmi les activités humaines, la natation regroupe le déplacement à la surface de l'eau, comme sous l'eau (plongée, mermaiding, natation synchronisée, water-polo), le plongeon et divers jeux pratiqués dans l'eau.
Elle se pratique en piscine, en eau libre (lac, mer), ou en eau vive (rivière)1.
La natation est un sport olympique depuis 1896 pour les hommes et depuis 1912 pour les femmes.
(Source Wikipedia)
05/08/2024
Pou tout moun ki t ap ret tann li yo :
CANSA 1.5 lanse seyans espesyal aprantisaj gratis sa nan enterè ansanm manm kominote a depi a midi nan jou k ap 23 dawout 2024 sa nan okazyon fèt patwonal Sainte Rose de Lima nan Leyogàn.
Seyans sa ap gratis pou tout moun, pandan chak patisipan ap pote yon frè pou peye pisin nan.
Kidonk, CANSA toujou la pou akonpanye chak moun, chak gwoup, chak ekip nan nenpòt pwofondè, lajè ak longè sou distans nan dlo a. Men w bezwen sèlman volonte ki pou fasilite w patisipe ak aprann.
Pa janm bliye sa : Bondye kreye dlo a e fòme najè pou metrize l paske dlo a se mond nou.
Kisa ? Seyans espesyal naje
Kilè ? 23 dawout 2024
Kibò ? Merabel Plaza
Pou kilès ? Pou tout moun nan kominote a
Kondisyon? Gratis ak sèlman 500 goud pisin nan
Kontak ? +509 33 75 9944 / 37 69 6895
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Type
Contacter l'école
Téléphone
Site Web
Adresse
Chatuley
Léogâne
6210
Heures d'ouverture
| Lundi | 09:00 - 16:00 |
| Mardi | 09:00 - 16:00 |
| Mercredi | 09:00 - 16:00 |
| Jeudi | 09:00 - 16:00 |
| Vendredi | 09:00 - 16:00 |