06/09/2026
🚨 3 M nan kraze?
Pastè Muskadin fè konnen pa t janm gen yon gwoup ki rele 3 M. Daprè li, li te sèlman patisipe nan yon mach pou lapè ak Pastè Maco ak Pwofèt Mackenson. Li presize se pa li ki te òganize mach la, men yo te envite l paske yo te estime prezans li te enpòtan.
Li ajoute ke apre mach 3 janvye a, chak moun te kontinye sou pwòp wout li, epi se medya yo ki te bay trio a non 3 M.
❓Kisa nou panse de deklarasyon Pastè Muskadin sa yo?
06/04/2026
⭕️Nan yon konferans pou laprès ki te dewoule nan otèl Ritz Kinam, atis Zile te prezan ansanm ak rapè Trouble Boy, nan yon rankont ki te rasanble plizyè jounalis ak animatè.
Pandan entèvansyon li, Trouble Boy te lanse kritik dirèk sou kèk jounalis li akize kòm moun k ap pwopaje fo enfòmasyon sou li. Rapè a di yo konn fè rimè sou li, tankou li tap manje Medjy ak Wendy, e yo konn pale sou vi prive li ak madanm li, ansanm ak lòt atis tankou Baky. Li rejte tout sa yo, li kalifye yo kòm manti.
Nan fen entèvansyon an, rapè a te fè yon referans ki te lakoz anpil reyaksyon nan sal la, lè li mansyone li se Advantis epi li pa manje vyann kochon, an repons ak rimè ki t ap sikile sou li.
Diskisyon sa yo te kreye yon moman tansyon ant kèk jounalis ak atis la, sa ki montre relasyon ki souvan konplike ant medya ak atis nan endistri mizik ayisyen an.
Anpil chinwa fache pou mo "vyann kochon" ke Trouble anplwaye aprèl te fin mansyone ke yo dil tap "manje Wendy men li se advantis li pa manje kochon."
05/19/2026
📍Anpil moun nan depatman Sidès la ap poze yon sèl kesyon eske Papa tounen ( ansyen Sénateur Joseph Lambert ) ap kandida o sena pou depatman Sidès la oubyen kandida a la prezidans , jiska prezan papa tounen poko anonse ofisyelman kandidati’l 🙌
Dosye a swiv ….
05/13/2026
Afriken ak Ariana e Djephnika
05/13/2026
🚨 Enfòmasyon rapid !
Selon kèk sous, otorite ameriken yo ta gen plan depòte Dimitri VORBE pou voye l nan République dominicaine 🇩🇴, apre yon antant li ta fè ak États-Unis 🇺🇸.
Jiskaprezan, okenn detay ofisyèl poko soti sou dosye a. Pou rapèl, ajan ICE ak HSI te arete Dimitri VORBE depi 23 septanm 2025.
📰 N ap kontinye swiv evolisyon dosye a.